Kolonbi di Konsil li ann Ayiti Resevwa Menas

Foto Achiv: Vis Prezidant ak Minis Afe Etranje Kolonbi Marta Lucia Ramirez pandan yon konferans nan Bogota, Kolonbi.

Minis Afè Etranjè Kolonbyen an deklare konsil li nan peyi d'Ayiti reseva menas apre li te eseye jwenn asistans imanitè pou 18 ansyen solda Kolonbyen ke la jistis arete ane pase a anba akizasyon kòm kwa yo ta patisipe nan asasina Prezidan Jovenel Moise.

Minis la pa bay okenn lòt detay Madi, sou ki kalite menas egzakteman ki vize Julio Cesar Santa Martinez. Li pat fè kòmantè non plis sou kiyès ki fè menas sa yo.

Kolonbi pa gen anbasad ann Ayiti e Santa Martinez sèvi kòm sèl reprezantan ak konsil onorè peyi a depi ane 2016. Misye konekte sitwayen Kolonbyen kap viv ann Ayiti yo ak Anbasad Kolonbi genyen nan Repiblik Dominikèn.

Kolonbi ofri poul ede otorite Ayisyen yo envestige asasina Moise la, ki te mour anba bal asasen nan residans prive li 7 Jiyè 2021. Lajistis Ayisyen akize solda kolonbyen yo, ki tap travay pou yon konpayi sekirite prive dèske se yomenm ki te lanse atak la.

Gouvènman Kolonbyen an plenyen pou di yap maltrete ex-solda li yo nan prizon Ayisyen.

Nan mwad Out pase a, Ramirez te voye yon lèt kote li mande Lakwa Wouj Entènasyonal al vizite prizonye yo epi kenbe dosye sou kondisyon yo. Li di gen 2 pami ex-solda yo ke yo te toupizi e ke okenn nan yo pat jwenn pèmisyon pou yo gen avoka pou defann yo.

Ayiti arete plizyè douzèn moun an koneksyon ak asasina prezidan an, men li poko akize okenn nan moun sa yo ofisyèlman.