Prezidan Trump di Syèj Somè l la ak Kim Jong Un Se Sengapour; Dat la Se 12 Jen 2018

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Donald Trump (agoch), epi lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un. (Foto Dosye: (AP/Evan Vucci, Wong Maye-E).

Prezidan Donald Trump anonse rankont li gen pou fè ak lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, pral dewoule nan peyi Sengapour e dat la se 12 jen pwochen. Lidè ameriken an deklare: "Nou tou le 2 pral eseye fè rankont sa a tounen yon bon moman pou lapè nan lemond."

Prezidan Trump pale konsa sou Twitter li byen bonè jedi 10 me 2018 la aprè li te fin resevwa an pèsonn 3 ansyen prizonye ameriken Kore di Nò libere. Nan bèl akèy sa a ki dewoule nan baz militè Andrews la, Eta Maryland, M. Trump te monte nan yon avyon C-40, ki fè pati aviyasyon militè Lèzetazini an, pou yon konvèsasyon tou kout ak 3 zòm yo. Non ansyen prizonye sa yo se: Tony Kim, Kim Hak Song ak Kim Dong Chul. Yo te debake nan èpòt baz la jedi vè 3 zè di maten.

Prezidan Donald Trump (2èm, adwat) ki t ap deplase ansanm avèk ansyen prizonye yo: Tony Kim (3èm, adwat), Kim Dong Chul (adwat nèt) ak Kim Hak Song (dèyè Prezidan Trump). 3 mesye yo te fèk debake, jedii 10 me 2018 la vè 3 zè di maten, nan ayewopò baz militè Andrews la nan Eta Maryland.

Apre Prezidan Trump te pale briyèvman ak prizonye libere yo, li te deklare:

"Nou rekòmanse kontak yo sou yon fòm ak Kore di Nò. Sa gen 10 zan, 5 kan, e menm 1 nan, moun pa ta janm kwè sa te ka rive. Mwen si e sèten Kim vle fè yon bagay pou l pèmèt Kore di Nò retounen nan mond reyèl la."

An plis Prezidan Trump ak madanm li, Melania, Vis Prezidan Mike Pence ak Sekretè Deta Mike Pompeo te prezan tou pou akeyi 3 prizonye libere yo.