Kek Migran Ayisyen Etazuni Depote Deside Tounen Amerik di Sid

Your browser doesn’t support HTML5

Kèk Ayisyen Etazuni Depote Reprann Chimen Brezil ak Chili

Yon gwoup Ayisyen Etazuni depòte sou frontye li deside yo paka rete Ayiti donk yap reprann chemen Chili ak Brezil.

VOA Kreyol te pale ak yon jen gason ki deside kite Ayiti nan ayewopo Toussaint Louverture la nan Potoprens.

Etazuni depote plizye milye migran Ayisyen ki tap chache travese frontye li pataje ak Meksik ilegalman. Pi fo moun sa yo ki tap viv Brezil ak Chili te kite Ayiti pou chache yon lavi miyo. Anpil nan yo toujou gen pwoje rive Ozetazuni.

Apati jodi 8 Novanm nan, Etazini soulaje restriksyon li pa rapo ak etranje ki vle vwayaje lakay li nan avyon oubyen pa frontye a. Li egzije pou tout moun sa yo vaksinnen kont COVID-19 epi gen viza pou vizite peyi a.

Wilner Bossou kontribye a repotaj sa a depi Potoprens