Yon gwoup majistra nan Sid peyi a mande pouvwa santral la pou entegre yo nan travay Karavan Chanjman an ap fè nan depatman an. Gwoup majistra sa yo di pwoblèm yo diferan de yon zòn ak yon lòt. Majistra vil Okay la Jean Gabriel Fortune ki pa fè pati gwoup majistra yo, kwè Karavann nan dwe revize estrateji l soti nan yon depatman rive nan yon lòt. Majistra Fortune te reponn kesyon Jean Robert Philippe.
Your browser doesn’t support HTML5
Yon lòt kote, Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal la, Max Rudolph Saint Albin, rankontre ak eli lokal yo nan Depatman Nòdwès peyi a pou tande doleyans yo. Korespondan Lavwadlamerik nan Pòdepè, Dieuseul Junior Louis vin ak yon repòtaj nan odyo a ki anba tèks la.
Klike sou lyen odyo a pou w tande repòtaj Dieuseul la.
Your browser doesn’t support HTML5