Ayiti: Reyaksyon Depaman sou Pwojè Eta Jenewo Prezidan Jovenel Moïse la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan ayisyen an Jovenel Moïse. Foto achiv

Plizyè lidè politik fè deklarasyin nan laprès sou desizyon prezidan repiblik la, Jovenel Moïse, pran kote li kreye yon komite pou lanse sa li rele yon "Eta Jenewo" nan peyi a.

Ansyen Kandida alaprezidans Moise Jean Charles pa kwè nan kredibilite komite pilòt Prezidan Jovenel Moise nome ki pou planifye eta jenewo sektoryèl la. Ansyen Senatè Nò a ki tap pale sou yon estasyon radyo nan Pòtoprens fè konnen pouvwa a pa gen lejitimite pou l kreye yon pwojè konsa ki pou li menm deja echwe.

Reponsab MOPOD la, Agwonòm Jean André Victor, ki tap reyaji sou yon estasyon radyo nan Pòtoprens deklare, dyalòg sa chèf leta a ap pwone a ta dwe pito yon konferans nasyonal. Edmonde Supplice Beauzile lidè pati Fusion an di sa ki pi enpòtan pou lemoman se kreyasyon "d’un Pacte de Gouvernabilité" ki se yon antant ant tout pati politik yo pou rive mete sou pye yon plan pou dirije peyi a byen e nan estabilite.

Pou depite Sèkakavajal la, Rodon Bien-aimé, se detoune Prezidan Jovenel Moïse ap eseye detoune atansyon pèp la sou pwoblèm serye nan peyi a. Sepandan, 2 lòt palmantè, Pierre Jude Destiné ak Benoit Jean Guerrier di yo byen akeyi desizyon egzekitif la pou lanse eta jenero a ki se yon pasaj oblije pou peyi a.