Ayiti: Laprezidans Ap Pare pou Lanse Karavann Chanjman an nan Plizyè Depatman, 7 Fevriye

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, pandan vizit li nan Plato Santral.

Prezidan Jovenel Moise fè pèp la plizyè pwomès pandan pasaj li nan Plato Santral nan kad lansman Karavann Chanjman an kote li remèt bay otorite lokal Hench yo plizyè materyèl lou tankou lodè, traktè ak kamyon.

Pandan pasaj chèf deta a nan Plato Santral, li vizite travay reparasyon yon tibin nan Santral Idwo-Elektrik Peligre la. Rès travay yo ap kontinye pou yon ogmantasyon 54 megawat kouran nan vil la.
Prezidan Jovenel Moise pwomèt tou pou l ouvri travay Atibonit 4 C a ki sitye pi ba baraj Pelig la, nan blòk Feja, Bonbayard.

Prezidan an ap kontinye ak vizit sa yo nan plizye lòt depatman jiska 7 fevrye , dat ki fiske pou l pwogram espesyal sa a.
Tout fwa, anpil manm nan opozisyon politik la di yo pa kwè nan pwomès chèf deta a. Dapre yo se lajan leta lokatè Palè Nasyonal la ap gaspiye nan pwogram karavann lap pwone atravè peyi a.