Ayiti: Prezidan Jovenel Moise Depoze yon Jèb Flè nan Riyèl Vayan

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan aysiyen an, Jovenel Moise ak Premye Minis Jack Guy Lafontant nan moman yo tap depoze yon jèb flè nan memwa viktim masak 29 novanm 1987 yo.

Ann Ayiti, Prezidan Jovenel Moïse, ansanm ak Premye minis Jack Guy Lafontant, depoze yon jèb flè nan Ecole nationale Argentine Bellegarde, nan pye moniman ki dedye pou moun ki te mouri nan Riyèl Vayan e nan plizyè kote nan peyi a nan okazyon eleksyon avòte 29 novanm 1987 yo, premye eleksyon demokratik peyi a ta pral konnen apre depa diktati Divalier a ki te pase anviwon 30 lane sou pouvwa.

Dapre yon nòt ki soti nan biwo kominikasyon prezidans la, pami kèk lòt pèsonalite ki te prezan nan seremoni an se Prezidan Sena a, Youri Latortue, Prezidan Kou Kasasyon an, Mèt Jules Cantave, san bliye palmantè, ofisyèl gouvènman an, ak reprezantan òganizasyon sosyete sivil la.

Nan menm jounen mèkredi 29 novanm 2017 la, opozisyon politik la te òganize yon manifestasyon kont gouvènman an avèk yon brèf aparisyon ansyen senatè Moise Jean-Charles ki poko fin refè nèt apre vizit medikal li nan peyi Kiba.