Ayiti: Yon Grèv Jeneral Paralize Kapital la Pandan Prezidan Jovenel Moise Ap Patisipe nan 72èm Asanble Jeneral l ONU an

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise. Foto:13 mas 2017 nan Palè Nasyonal.

Sou inisiativ sendika transpò ankomin yo, yon grev avetisman obseve nèt ale pou jounen lendi 18 septanm 2017 la nan Pòtoprens

Modòd grèv sa a gen pou objektif fose egzekitif la fè bak sou piblikasyon lwa finans 2017-2018 la dapre sendika a. Grèv la respekte a 80 pou san(80%) kote lekòl , administrasyon piblik yo ak lòt administrasyon paralyse, ambasad yo fonksyone men avek yon efektif redui. Majorite chofè machin rete lakay yo. Toutfwa, moun te ka remake 2 a 3 tap tap ki tap asire sikui nan rejyon metwopolitèn nan.

Gouvènman te mete kèk otobis gratis a dispozyon ekolye ak travaye yo. Minis enteryèa te anonse tou dispozyon espesyal pran bòkote fòs delòd yo nan lide pou kapab kenbe yon klima lapè ak sekirite nan tout ri nan kapital la.

Kèk sitwayen nan Petyon vil ak Delmas Lavwadalmerik te poze kesyon estime li enpotan pou tout klas nan sosyete a mobilize pou anpeche gouvènman Moise/ Lafontant an pibliye bidjè 2017 -2018 la. Sepandan yo opoze ak lide pou ta gen atak kifèt kon byen moun.

Prezidan Jovenel Moise avan li te kite peyi a dimanch pou New york kote l pral patisipe nan 72e Asanble Jeneral l ONU mande Polis Nasyonal la, PNH la poul enstore lòd kote nenpòt moun ta vle simen latroublay. Mesye Moise raple wo kòmandman polis la administrasyon li an mache ak 3 mo sa yo : lòd , disiplin epi stabilite.

Klike sou videyo a pou w suiv yon repòtaj Yves Manuel depi Pòtoprens.

Your browser doesn’t support HTML5

Ayiti-Politik: Yon Grèv Jeneral Opozisyon Paralize Aktivite yo nan Pòtoprens