25 Jou Deja Pase Depi yo Kidnape on Gwoup Misyonè ann Ayiti

People protest for the release of kidnapped missionaries near the Ohio-based Christian Aid Ministries headquarters in Titanyen, north of Port-au-Prince, Haiti, Oct. 19, 2021.

Deja gen 25 jou ki pase depi gang 400 Marozo a te kidnape 17 misyonè Ameriken ak Kanadyen. Gouvènman Joe Biden nan te jwen "prèv" ke omwens kèk nan misyonè yo toujou vivan.

On sous ofisyèl ki pa vle yo site non li te di yon ti gwoup manm laprès pa telefòn " Mwen konnen ke nou te resevwa prèv ke yo vivan". Sous la pa presize si Washington te verifye ke tout moun vivan, oswa sèlman kèk nan yo toujou vivan.

Gwoup misyonè ki nan men gang 400 Mawozo, ki se youn nan gang ki pi danjere ann Ayiti e ki kontwole zon Croix-des-Bouquets a, gen senk timoun pami yo.

400 Mawozo mande $17 milyon, swa $1 milyon pou chak moun. Men Lamezonblanch fè konnen li pap negosye ak gang. Gwoup misyonè a fè pati òganizasyon relijye Christian Aid Ministries.

Sepandan, Biwo Federal Envestigasyon Ameriken an (FBI) voye plizyè ajan ann Ayiti pou eseye lokalize otaj yo. La Mezon Blanch asire ke l ap evalye "tout opsyon ki posib" pou jwenn liberasyon misyonè sa yo.