Jim Mattis nan Ikrèn: "Sanksyon Kont Larisi yo Ap Kontinye Jiskaske Moskou Chanje Konpòtman l

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Ikrèn nan, Petro Poroshenko, adwat, ak Sekretè Defans Etazini an Jim Mattis, agoch, kap bay lamen pandan yon rankont nan Kyèv, Ikrèn, 24 out 2017.

Sekretè defans ameriken an, Jim Mattis, di pandan yon vizit nan peyi Ikrèn jedi 24 out 2017 la, “Larisi ap eseye retrase fwontyè entènasyonal yo pa lafòs, e ke sanksyon Lèzetazini enpoze sou Moskou yo pral rete anplas jiskaske gouvènman Prezidan Vladimir Putin nan chanje konpòtman li.”

Chèf Pantagòn nan fè deklarasyon sa a pandan li te kanpe akote Prezidan ikrènyen an, Petro Poroshenko, tousuit apre 2 otorite yo te fin fè yon rankont ak plizyè lòt gwo chabrak nan vil Kyèv.

Chèf Depatman defans ameriken an reyitere angajman li pran pou Etazini apiye Ikrèn ansanm ak lame peyi sa a, kote li presize Washington pa dakò ak desizyon Larisi te pran an 2014 pou l anekse rejyon Krime a.

Anplis desa, sekretè defans ameriken an kontinye pou l di admistrasyon Trump la ap anvizaje seryezman posiblite pou voye zam lagè bay gouvènman peyi Ikrèn nan.