Jenès Afrik di Sid la An Dèy Pou Achevèk Tutu

Yon dam resevwa konsolasyon devan kay istorik Achevèk anglikan Desmon Tutu a nan Soweto, Johannesbourg, Afrik di Sid, lendi 27 desanm 2021.

Akonplisman Achevèk Desmond Tutu yo gen gwo enpak sou jenès Afrik di Sid la. Pi fò pami yo potko menm fèt lè achevèk la t ap goumen kont apatayd epi lite pou majorite nwa peyi a te ka jwi menm dwa ak minorite blan an.

Afrik di Sid ap pran dèy pandan yon semèn pou Ach. Tutu ki te mouri dimanch 26 desanm 2021 an a laj de 90 zan. Li te ranpòte pri Nobel Lapè a an 1984 pou efò li te fè pou tout nwa ann Afrik di Sid te jwi dwa sivik yo.

Aprè fen sistèm rasis apatayd la an 1994, nan moman Afrik di Sid te tounen yon peyi demokratik, Ach. Tutu te dirije Komisyon Verite ak Rekonsilyasyon an. Komisyon sa a te preante yon rapò sou atwosite ki te fèt sou rejim apatayd la epi chache ankouraje yon rekonsilyasyon nasyonal. Desmond Tutu te tounen tou youn nan prensipal lidè relijye nan lemond ki te defann dwa omoseksyèl yo.