Lèzetazini Deside Sispan Tanporèman Vòl Avyon Ki Tap Sèvi pou Depòte Imigran Ilegal Ayisyen yo

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Depatman Sekirite Terotoryal

Nan dat 22 Septanm 2016 la, mwen te anonse nou ta pral rekòmanse depòte imigran ayisyen ann akò avèk priyorite aplikasyon lwa nou yo. Sa vle di nou pral kòmanse pa depòte dabò moun yo fèk arete nan pò-d-antre nou yo ou ant 2 pwen darive Ozetazini –pami yo genyen sitwayen Ayisyen. Politik sa a pa chanje akoz pasaj Siklòn Matthew.

Jeh Johnson, Minis Sekirite Teritoryal Lèzetazini

Akoz pasaj Siklòn Matthew, nou sispann tanporèman vòl avyon ki tap sèvi pou depòtasyon yo. Pandan Depatman Sekirite Teritoryal ap travay ak gouvènman ayisyen an, li gen plan pou l rekòmanse vòl avyon sa yo osito posib. Gen yon bagay ki dwe rete klè: chanjman politik mwen te anonse nan dat 22 septanm nan toujou rete an aplikasyon pou kounyela a e nan lavni. Depatman Sekirite Teritoryal ak Depatman Deta ap tavay ak Gouvènman peyi d Ayiti e ak lòt antite pou yo garanti ke depòtasyon yo fèt yon fason ki osi imen e avèk mwens fòs ke posib.

Jeh Johnson

Sekretè Sekirite Teritoryal

Dat : 12 oktòb 2016.

Klike sou lyen anba aktik la pou tande an kreyòl vèsyon odyo deklarasyon Minis Sekirite Teritoryal Lèzetazini an, Jeh Johnson.

Your browser doesn’t support HTML5

Vesyon Odyo an Kreyòl sou Deklarasyon Jeh Johnson, Minis Sekirite Teritoryal Lèzetazini