Premye Minis Enex Jean-Charles di Kreyasyon Komisyon Endepandan Verifikasyon Elektoral la se Prewogativ Prezidan Repiblik la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Premye Minis ayisyen an, Enex Jean-Charles, konparèt devan Chanm Depite a nan jounen madi 19 avril 2016 la pou l te reponn kesyon depite yo sou plan pouvwa egzekitif la genyen pou l kreye anvan lontan komisyon endepandan verifikasyon elektoral la. Misye Jean-Charles di li regrèt konvokasyon lachanm nan te vini nan yon moman kote li pa tèlman gen twòp detay sou komisyon an ki, daprè li, se plis yon prewogativ Prezidan repiblik la ke yon atribisyon li menm, Premye Minis la. Li fini pa fè konnen li toujou rete atache ak aplikasyon Akò 5 Fevriye a, jan li te di sa nan prezantasyon politik jeneral li a.

Your browser doesn’t support HTML5

NOUVEL AYITI POU MEKREDI 20 AVRIL 2016 LA - VWA: MARIE-LUCE PIERRE & LYONEL DESMARATTES

Anbasadè Inyon Ewòp la ann Ayiti, Vincent Dégert, lanse apèl bay tout pati konsène yo pou l mande yo chache konprann ijans ki genyen pou yo jwenn yon solisyon pou kriz politik la. Misye Dégert ankouraje aktè yo pou yo respekte Akò 5 Fevriye a, sa ki ka pote stabilite nan peyi a epi pare chemen an pou Ayiti genyen yon prezidan eli ak lidè lejitim. Daprè diplomat la, dezòd politik kapab gen move konsekans sou avni peyi a.

Senatè Nòdès la, Jean-Baptiste Bien-Aimé, reyaji negativman sou deklarasyon Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, te fè nan dat 14 avril pase a kote li te di, antwòt: “Aktè ayisyen yo -swa dizan lidè ayisyen yo- fèt pou yo konprann genyen yon limit klè nan pasyans ak volonte kominote entènasyonal la pou li aksepte pou moun ap ranvwaye pwosesis la. Pèp Ayisyen an merite genyen yon gouvènman eli e li merite genyen li kounyela a menm.” Misye Bien-Aimé blame lidè ak sitwayen ayisyen – tankou “depite, senatè ak prezidan ki pa onorab”- ki kreye kondisyon pou pèmèt otorite etranje fè deklarasyon konsa. An menm tan tou, li lanse apèl bay gouvènman an pou mande l kreye komisyon evalyasyon elektoral la pou fè limyè sou eleksyon 9 daout ak 25 oktòb 2015 yo.

Kandida a la prezidans Jovenel Moise (PHTK).

Nan yon entèvyou avèk Jacques Jean-Baptiste, editè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, kandida a la prezidans ayisyen Jovenel Moise (PHTK) repete apèl li te lanse nan kòmansman semèn nan pou Prezidan Jocelerme Privert ak Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) prese pibliye kalandriye elektoral la, sinon sitiyasyon an pral konplike ann Ayiti. Misye Moise baze deklarasyon li a sou yon dispozisyon nan Akò 5 Fevriye a ki mande pou Prezidan Privert òganize eleksyon prezidansyèl yo nan yon espas ant 90 e 120 jou, e delè sa a preske rive nan bout li. Daprè kandida PHTK a toujou, elektè ayisyen pap kapab rete tan twòp ankò e enpasyans yo kapab debouche sou tout move konpòtman. Jovenel Moise te pale ak Jacques pandan yon vizit nan Lavwadlamerik madi 19 avril 2016 la.