Japon: Gouvènman an ap Envestige Konpayi Elektwonik Olympus

Ansyen chèf egzekitif Olympus, Michael Woodford (foto achiv)

Nan peyi Japon, komisè gouvènman fè yon desant-de-lye nan katye jeneral Olympus, fabrikan materyèl elektwonik nan kad ankèt otorite yo ap men-nen sou yon gwo skandal kontabilite.

Televizyon Nasyonal peyi a montre anketè ak kostim nwa k ap mache ann-dan biwo konpayi a nan Tokyo kote yo fabrike kamera ak ekipman medikal. Konpayi a konfirme desant-de-lye lajistis fè a.

Laprès japonèz rapòte lajistis fouye tou kay ansyen responsab konpayi a pami yo rezidans ansyen prezidan an Tsuyosghi Kiku-kawa. Li anba akizasyon kòmkwa li fè pati moun ki “kase-fèy-kouvrisa” nan pèt yon milya senksan milyon dola sou envestisman nan sekirite ki te fèt nan ane 1990 yo. Konpayi Olympus gen 92 lane e li anba ankèt lapolis jounen jodi a