Premye Minis Jack Guy Lafontant Di Gaz la Pap Monte sou Gouvènman li an

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Premye minis aysiyen an Jack Guy Lafontant, adwat ak prezidan sena ayisyen an, Joseph Lambert, a goch pandan yon rankont nan Sena a.

Premye Minis Jack Guy Lafontant bay asirans zafè monte pri gaz la "FINI" sou gouvènman li an. Mesye Lafontant ekri sou kont Twitter li pou l di, "Pri gaz la pa chanje e li pap chanje; sispann entoksike pèp la." Depi apre deblozay wikenn pase yo, anpil sektè nan vi nasyonal la ekri nan laprès kote yap mande Prezidan Jovenel Moïse pou fè Premye Minis Jack Guy Lafontant bay demisyon l.

Mesye Lafontant ki deja pat gen bèl lè nan zye yon gwoup depite minorite opozisyon yo gen pou l parèt yon lòt fwa ankò devan chanm bas la samdi 14 jilyè a. Konvokasyon sa a vini nan moman presyon pou demisyon chèf gouvènman an ap ogmante san rete. Apre sektè komès la, prensipal viktim nan deblozay pri gaz la, se tou pa sektè relijye a tankou Konferans Episkopal Aysiyen an ki mande pou Mesye Lafontant rale kòl nan pouvwa a.

Anpil obsèvatè panse depite yo kapab mete ansanm pou bay premye minis la yon vòt non konfyans akoz ensidan dechoukaj ak piyaj vandredi 6 ak samdi 7 jiyè 2018 yo nan Pòtoprens. Toutvwa Mesye Lafontant apre yon rankont ak prezidan Sena a, Joseph Lambert parèt konfidan gouvènman li an pap fè yon pa kita yon pa nago.

E Premye Minis Lafontant di li pap rate randevou istorik sa a devan depite yo kote li pral reponn kesyon gwoup opozisyon an epi detaye bay palmantè yo reyalizasyon gouvènman li an.