Iran: Manifestan Anti-Gouvènman yo Arete yo Anba Menas Gwo Pinisyon

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Plizyè dizèn moun nan Berlin, Almay, manifeste pou montre sipò yo ak manifestan anti-gouvènman yo ann Iran, 6 janvye, 2018.

Prezidan iranyen an, Hassan Rouhani, di lendi 8 janvye 2018 la moun kapab kritike nenpòt fonksyonè nan gouvènman an, e manifestan iranyen gen plis rezon pou yo fache pase senp kesyon ekonomik nan peyi a.

Msye Rouhani mande tou pou otorite iranyen yo leve entèdiksyon yo mete sou medya sosyal yo. Gouvènman repiblik islamik la te entèdi itilizasyon pwogram entènèt kap transmèt mesaj, pami yo Instagram ak telegram.

Otorite yo relouvri Instagram dimanch 7 janvye 2018 la, men yo kontinye bloke rezo telegram nan limènm. Vis minis jistis iranyen an, Hamid Shariari, di tout moun otorite iranyen yo te arete pandan manifestasyon anti gouvenmantal yo pral resevwa yon pinisyon trè sevè.