Iran: Ayatollah Kamenei Di se 'Enemi Repiblik Islamik' la Kap Ankouraje Manifestasyon yo

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Nan foto sa a ki pibliye samdi 30 desanm 2017 pase a, montre yon etidyan iranyen kap pwoteste nan Inivèsite Tehran an nan moman fòs de lòd yo tap tire gaz lakrimojèn sou yo.

Lidè siprèm Iran an, Ayatollah Ali Kamenei, akize lennmi repiblik islamik la madi 2 janvye 2018 la dèske yap ankouraje moun òganize manifestasyon kont gouvènman an.

Nan yon kominike lidè siprèm nan pibliye sou sit ofisyèl li, e ke yo li nan televizyon leta a, li di, " Nan jou ki pase yo, lennmi Iran yo itilize tout kalite zouti, pami yo lajan kash, zam pollitik, ak sèvis ransèyman pou dekrete latwoublay andedan repiblik islamik la." Ayatollah Kamenei gen pou l pwononse yon diskou devan nasyon iranyèn nan konsènan evènman yo lè moman an va rive.

Genyen 9 lòt manifestan ki mouri nan mitan nan nwit la pandan pwotestasyon yo dapre estasyon televizyon leta a. Sa fè yon total 20 moun ki mouri depi manifestasyon yo te kòmanse nan repiblik islamik la pou pwoteste kont move kondisyon ekonomik nasyon an ap travèse depi kèk tan.