Iran: Lese-Frape ap Kontinye ant Manifestan, Fòs Sekirite yo

Nan foto sa a ke yon moun ki pa travay pou Associated Press pran andeyo Iran, manifestan ap chante slogan pandan yap pwoteste kont lanmo yon dam lapolis te arete pou moralite nan Teheran, Iran, 21 Sept. 2022.

Manifestan toupatou nan peyi Iran te kontinye fè lese-frape vyolan ak fòs sekirite yo bonè maten an apre lanmò yon jèn dam anba men lapolis, pandan televizyon leta nan Iran di bilan moun ki mouri nan rebelyon an ka rive nan 26, san li pa bay okenn detay.

Malgre li pa kle ki valè pwotestasyon k ap dewoule nan apeprè yon douzèn vil ak bouk nan peyi a, mouvman an reprezante pi gwo rebelyon ki fèt nan Iran depi 2019, lè gwoup k ap defann dwa moun yo te fè konnen dè santèn moun te pèdi lavi yo nan yon koukou-wouj vyolan dèyè manifestan.

Iran deja deranje entènèt lakay li pou moun pa kominike ak rès mond la, dapre Netblocks, yon gwoup k ap swiv trafik entènèt, kote li mete plis restriksyon sou platfòm popilè kote moun konn ale lè y ap òganize manifestasyon, tankou Instagram ak WhatsApp.