Nasyon Zini Denonse Gwoup Eta Islamik pou Vyolasyon Dwa Moun nan Mosoul, Peyi Irak

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Zeid Ra’ad al-Hussein, Wo Komisè l ONU pou Dwa Moun

Obsèvatè dwa moun Nasyon Zini yo nan Irak di yo jwenn prèv sou plis atwosite gwoup Eta Islamik la ap komèt kont sivil pandan l ap konbat twoup k ap vanse sou Mosoul. Pami krim sa yo, nou jwenn anpil asasinay ak maspinay, eksplwatasyon seksyèl fanm ak tifi, ak rekritman timoun kòm konbatan ak kamikaz.

Moun kap chape poul yo anba vyolans ak abi gwoup Eta Islamik la ap fè sou popilasyon an nan Mosoul, Irak. 3 novanm 2016.

Obsèvatè yo fè konnen Eta Islamik la kontinye ap deplase palafòs plizyè dizèn milye sivil e sèvi ak yo kòm pwoteksyon kont twoup kap atake yo.

Wo Komisè l ONU pou Dwa Moun yo, Zeid Ra’ad al-Hussein, fè konnen mezi soufrans sivil ap sibi nan Mosoul e nan lòt zòn ki anba men gwoup islamik la an Irak, entolerab.

Li mande aksyon imedyat pou pote asistans bay viktim yo pou bezwen yo ka rive satisfè.