Etazini-Ayiti: Lansman yon Kanpay 180 Jou pou Mande Stati Pèmanan pou Ayisyen ki Gen TPS yo

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Manm kominote ayisyèn nan Miami ki tap mande Stati Pwoteksyon Tanporè pou imigran ayisyen yo pandan yon vizit Prezidan Barack Obama nan Miami Eta Florid, 26 oktòb 2009. (Foto: REUTERS/Carlos Barria)

Lendi 24 jiyè 2017 la se te dat limit pou ayisyen kap viv Ozetazini avèk stati tanporè renouvle dokiman sa a ke otorite amerikèn te pwolonje pou yo pou yon peryòd 6 mwa. Nan okazyon sa a, Òganizasyon Fanm Ayisyèn nan Miami, lanse yon kanpay 180 jou pou mande otorite amerikèn yo transfòme Stati Pwoteksyon Tanporè a TPS pou ayisyen yo an Stati Pwoteksyon Pèmanan ou PPS.

Nan yon entèvyou ak Lavwadlamerik, direktris òganizasyon an, Marleine Bastien, eksplike plan gwoupman fanm ayisyèn nan ak lòt òganizasyon yo kap defann dwa imigran yo pral ekzekite pandan peryòd sa a. Marleine Bastien, te pale nan mikwo jounalis Jean Pierre Leroy.

Klike sou lyen odyo a pou w tande deklarasyon alatèt òganizasyon fanm nan Miami yo, Marleine Bastien.

Your browser doesn’t support HTML5

Entèvyou Marleine Bastien bay Lavwadlamerik nan mikwo Jean Pierre Leroy