Ikrèn Aplike Yon Kouvrefe

Solda Ikrenyen pran pozisyon pou goumen kont twoup La Risi depi baz ayeryen Vasylkiv la nan rejyon Kyev kapital Ikren, 26 Fevriye 2022.

Otorite yo nan kapital Ikrenyen an di yon kouvrefe ki ann aplikasyon nan vil la pral rete jis bonè Lendi nan moman twoup Ris yo ap pouse ofansiv yo pi pre Kyèv.

Otorite yo te anonse anvan sa kouvrefe a tap dire ant 5 hè nan apremidi ak 8 hè di maten, men yo te vinn bay plis presizyon apre pou di li pral dire ant Vandredi apremidi ak Lendi maten, pou fè popilasyon an rete lakay yo pandan jounen Dimanch la.

Mezi sa a vini nan moman otorite Ikrenyen yo rapote batay ak ti gwoup twoup Ris ki enfiltre vil la. Gen lot twoup Ris kap vanse sou Kyèv.

Gen kèk sipèmache ki louvri Samdi juskaske kouvrefe a antre ann aplikasyon. Pat gen anpil machandiz disponib. Kounyea kè sote moun genyen se pou konbyen tan pwovizyon sa yo pral dire. Kèk famasi te ouvè men gen nouvèl ki di nouvo livrezon distribitè yo sispann.

Met sou sa, ajans nouvèl Interfax la rapote 3 prensipal rezo telefon mobil Ikrèn yo bloke aksè pou tout kat SIM Ris.