Etazini: Prezidan Chanm Depite a, Paul Ryan, Pwomèt Èd pou Viktim Siklòn Maria yo nan Pòtoriko

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Gad Nasyonal yo ki rive nan Barrio Obrero nan Santurce pou fè distribisyon dlo ak manje pou moun ki sinistre yo anba pasaj siklòn Maria nan San Juan, Pòtoriko. 24 septnam 2017. (Foto: AP /Carlos Giusti)

Prezidan Chanm Depite Etazini an, Paul Ryan, deklare, jounen lendi 25, septanm 2017 la, Kongrè a pran angajman pou ede nan efò sekou yo nan Pòtoriko, ke siklòn Maria te devaste semèn pase a. “Repòtaj ak imaj kap soti nan Pòtoriko devaste nou,” Prezidan Chanm depite Etazini an deklare. Mesye Ryan kontinye pou l di:

“Kongrè a ap travay ak administrasyon Trump la pou asire resous ki nesesè yo ale nan teritwa ameriken sa a. Konpatriyòt nou yo nan Pòtoriko toujou nan priyè nou pandan n ap fè kon nou konnen pou yo jwenn sa ke yo bezwen.”

Inondasyon siklòn Maria pote nan Pòtoriko fòse otorite yo evakye moun nan plizyè zòn.Toa Baja, Pòtoriko, 22 sptanm 2017.

​Pòtoriko rete san elektrisite, apa de kèk jeneratè kap mache, e sèvis telefòn mache sèlman kek kote, pandan otorite yo ap goumen pou yo pote manje ak dlo bay moun ki nan bezwen apre pi move tanpèt ki frape zile a depi preske yon syèk, yon zile ki gen 3 milyon edmi abitan.