Etazini: Aprè Pasaj Siklòn “Harvey” sou Eta Tegzas, Travay Rekonstriksyon an Kòmanse Difisilman

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Kay anba dlo inondasyon dlo rivyè Brazos apre pasaj siklòn Harvey, nan Freeport, Tegzas, 1e septanm 2017.

Moun Tegzas ki te gen chans chape anba inondasyon yo kòmanse retounen lakay yo pou yo evalye dega yo epi tanmen travay pou yo refè vi yo.

Ozetazini, kantite total moun ki mouri pandan pasaj Siklòn “Harvey” sou Awonndisman Harris, kote nou jwenn vil Houston nan pati sid Eta Tegzas, monte rive 39 nan moman dlo inondasyon yo kòmanse bese.

Katrina Johnson, yon dam ak pitit li ki nan abri pwovizwa apre siklòn Harvey te fin anvayi kay li ak dlo. 1e septanm 2017.

Espesyalis an meteo Jeff Lindner fè konnen se lokalite Clear Creek, sou yon distans 50 kilomèt ak Houston, nan Tegzas, ki resevwa pi gwo kantite dlo lapli a, swa 120 sitimèt.

Nan moman rezidan Awondisman Harris yo ap pare pou yo refè vi yo, imigran kap viv nan zòn nan ilegalman pè pou yo pa arete yo si yo ale nan biwo kote viktim siklòn nan ap aplike pou asistans leta. Se konsa anpil volontè pran lari pou yo pale ak imigran sa yo epi di yo otorite yo pap arete yo si yo se vrè viktim inondasyon ak lòt pwoblem Siklòn nan koze.

Pandansetan La Mezon Blanch anonse viktim Siklòn Harvey yo lajan federal ki la pou ede yo ap rive anvan lontan. Gouvènman an fè anons sa a nan moman moun Tegzas ki gen plis chans yo kòmanse retounen lakay yo pou yo evalye dega yo epi tanmen travay pou yo refè vi yo. Anfen, sekouris yo kontinye chache moun ki disparèt yo yon semèn aprè Harvey te touche tè nan Gòlf Meksik la.