Etazini: Tan an Sou Wout pou l Tounen Nòmal nan Houston, Tegzas Apre Siklòn Harvey Fin Inonde Vil la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Yon gad nasyonal ka pote yon ti fi pou l al depoze li kote ki pa inonde apre dlo te fin anvayi zòn kote li te rete ak paran li nan Houston, Tegzas, 29 out 2017.

Vil Houston pral finalman gen yon ti repi avèk lapli istorik sa a nan moman siklon Harvey kite Tegzas pou l antre nan vwazinaj la, Luizyann.

Espesyalis tan yo atann aske zòn Houston pral gen 2 santimèt lapli jodi mekredi 30 out 2017 la e yo pral gen bèl solèy ak yon tanperati ki cho bò vandredi kap vini an.

Rejyon an pral toujou gen pou l fè fas ak inondasyon akoz move tan an ki te lage plis pase 130 santimet lapli nan kèk zòn depi nan dat 24 out pase a.

Sou sit entènèt pou sèvis ijans vil Houston nan Texas, Lakwa Wouj Amerikèn “Texas Gulf Coast Chapter” fè apèl ak volontè pou bay sa yo genyen pou ede sinistre yo.

Rezidan nan Houston, Tegzas kap evakye nan yon bato akoz inondasyon siklòn Harvey a,. 28 out 2017.

​Yon lòt kote, otorite yo demanti rimè ki vle fè kwè yap arete imigran ki pa gen papye e kap chache yon abri pwovizwa nan moman inondasyon an. Sou kont Twitter ofisyèl gouvènman Houston, Tegzas la moun kapab li : “ Nou pap mande moun yo kap chache abri yo estati imigrasyon yo oubyen okenn dokiman legal . Se yon fo rime kap sikili deyò a.