Etazini: Tanpèt Twopikal Harvey Pote Gwo Lapli nan Lwizyàn Apre li Fin Inonde Vil Houston nan Tegzas

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Abitan nan Houston, Tegzas tou pre Port Arthur itilize matla ki gonfle ak van pou kapab evakye anba inondasyon siklòn Harvey a, 31 out 2017.

Nan Eta Tegzas plizyè rejyon kontinye fè fas ak inondasyon, menm si dlo yo kòmanse bese kèk kote.

Ozetazini, restan Siklòn Harvey pote gwo lapli sou Eta Lwizyàn nan jounen jedi 31 out 2017 la, nan moman inondasyon li koze nan pati lès Tegzas komanse bese e menm seche nan plizyè zòn, menm si lòt rejyon eta sa a kontinye fè fas ak danje plis inondasyon poze.

Inondasyon nan sant vil Houston, Tegzas, 27 out 2017.

Pandansetan, popilasyon vil Crosby, ki sitiye alès Houston, atann yo akse vil la anrejistre plis eksplozyon toujou apre 2 izin chimik te eksploze byen bonè jed. Rezidan vil la resevwa lòd pou yo deplase, ale lòt kote, aprè eksplozyon yo ki fèt nan izin Arkema Incorporated; moun te ka wè flanm dife ki te monte sou yon wotè 9 a 12 mèt, mete sou yon gwo kantite lafimen nwa. Sa lakoz 15 polisye, ki te respire lafimen an, ale lopital.

Espesyalis meteo yo prevwa Eta Lwizyàn pral resevwa ant 10 a 20 santimèt lapolis anvan fen jounen jedi a sèlman, pandan sistèm nan kontinye kite Gòlf Meksik la pou l antre sou lagrann tè nan Eta Arkansas, Mississippi, Tennessee ak Kentucky.