Hamas Lanse yon Atak Sipriz Kont Israel ki Koze Plizyè Santèn Lanmò

Yon boul dife ak lafimen monte apre yon eksplozyon nan yon bilding kote ki gen apatman Palestinyen apre yon atak ayeryen Israelyen sou Gaza siti, Samdi 7 Oktob, 2023.

Militan Hamas yo lanse plizyè milye obu epi voye plizyè douzèn konbatan nan vilaj Israelyen ki sitye tou pre Sisjòdani nan yon atak sipriz ki san presedan nan maten Samdi ki se yon gwo fèt relije Juif.

Your browser doesn’t support HTML5

Atak ak Misil Sipriz Hamas Lanse Kont Israel

Israel deklare li nan mitan yon lagè ak Hamas kounyea e li lanse atak ayeryen kont Gaza, epi sèmante pou fè arab yo peye "yo pri yo poko janm wè anvan."

Israel di gen omwens 200 moun ki mouri epi 1,100 lòt blese, kivledi se atak kote plis moun mouri depi plizyè zane.

Your browser doesn’t support HTML5

Israel Frape yon Bilding Rezidansyèl Palestinyen

Lame a konfime kantite sòlda Israelyen ak sivil ke yo sezi epi trennen yo nan Gaza.

Omwens 198 moun pèdi lavi yo nan Sisjòdani nan atak reprezay Israel yo epi omwens 1,610 lòt blese.