Ayiti-Etazini: Entèvyou Chargée D'Affaires Robin Diallo Bay Lavwadlamerik

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Your browser doesn’t support HTML5

Chargée D'Affaires Ameriken an, Robin Diallo, felisite Ayiti pou estabilite peyi a konnen nan moman twoup Misyon Nasyon Zini yo, MINUSTAH, ap kite teritwa nasyonal la definitivman.

Madam Diallo fè konnen Lèzetazini renouvle angajman pou kontinye asiste Polis Nasyonal la, PNH ki prèke gen anviwon 15 mil òm. Pou sa ki konsène relasyon ant otorite Pòtoprens yo ak Washington, Madam Diallo di tout bagay ap byen manche.

Diplomat ameriken an ki tap reponn kesyon chèf Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, Ronald Cesar, te abòde tou dosye TPS pou ayisyen kap viv Ozetazini yo. Klike sou videyo a pou w kapab suiv entèvyou a.