Ayiti: Sendika Ouvriye yo Anonse yon Grèv Manch Long pou Kontinye Revandike 800 Goud Kòm Salè Minimòm

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Ouvriye sou-tretrans yo kap pwoteste pou mande gouvènman ayisyen an ogmante salè minimòm nan a 800 goud pou yo akoz lavi chè a nan peyi a, Pòtoprens, Ayiti, 26 jen, 2017.

Ann Ayiti: Desizyon Prezidan Jovenel Moïse pran 27 jiyè 2017 la, pou l fikse salè minimòm pou ouvriye sou-tretans yo a 350 goud, swa yon ogmantasyon 15 goud sou 335 goud Konsèy Siperyè Salè a te pwopoze a kontinye pwovoke reyaksyon an dedan peyi a ak nan dyapora a.

Sendika ouvriye yo, ki konsidere desizyon chèf leta a kòm yon pwovokasyon, anonse yon grèv manch long soti lendi 31 Jiyè pou rive 5 out 2017 la pou yo egzije 800 goud kòm salè minimòm ak lòt avantaj sosyal.

Nan vil Boston, yon òganizasyon moun andikape mande chèf leta a rankontre sektè konsène yo pou renegosye salè minimòm nan pou ouvriye k ap travay nan faktori sou-tretans yo dapre sa korespondan Lavadlamerik Wilson Dubuisson rapòte.

Your browser doesn’t support HTML5

Yon repòtaj korespondan Lavwadlamerik, Wilson Dubuisson, depi Boston sou dosye Salè Minimòm nan ann Ayiti