Ayiti: Lapolis nan Jeremi Anonse Plizyè Mezi Sekirite Pandan Fèt Patwonal la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Polis Nasyonal Dayiti nan Petyon-vil. 5 janvye 2017.

Otorite polisyè yo nan Depatman Grand Anse lanse yon pinga bay tout bandi ki ta gen entansyon vin piye popilasyon an pandan fèt patwonal vil la, Sen Lui, ki pral dewoule semen kap vini an.

Direktę depatmantal polis la ki tap pale ak laprès anonse tout yon seri mezi kont motosiklèt kap sikile san plak dimatrikilasyon nan vil la.

La polis nan vil Jeremi fè konnen yo pran tout dispozisyon pou pwoteje pèleren kap vin patisipe nan fèt la ane sa a dapre korespondan Luckner Laguerre.

Klike sou odyo ki anba tèks la pou plis detay ak korespondan Lavwadlamerik Luckner Laguerre depi Jeremi.

Your browser doesn’t support HTML5

Yo repòtaj Luckner Laguere sou dispozitf sekirite nan Jeremi pandan peyod fèt Sen Lui a