Ayiti: Lapolis Dispèse Manifestasyon Opozisyon an t ap fè nan Pòtoprens Madi 17 Oktòb 2017 la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Your browser doesn’t support HTML5

Lapolis itilize gaz lakrimojèn pou dispèse manifestasyon opozisyon an t ap fè nan Pòtoprens madi 17 oktòb 2017 la pou mande demisyon Prezidan Jovenel Moise epi ekzije l rantre bidjè 2017-2018 la. Fòs de lòd yo te anpeche manifestan yo monte Petyonvil. Plis detay nan videyo a ak korespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens, Yves Manuel.

Bò kote pa, Lucien Jurat, you nan pòtpawòl la prezidans la, kritike mouvman ki vle deboulen gouvènman an apre sèlman 7 mwa sou pouvwa a kote prezidan Jovenel genyen nan menm yon mada. Mesye ki tap patisipe jodi a nan pwogram Lib Tribin Lavwadlamerik la fè konnen, Dosyè bidjè a se yon "fo pretèks" politisyen yo pran pou mande depa chèf leta a.