Ayiti: Prezidan Jovenel Moise Satisfè de Avansman Travay Reparasyon yo nan Aewopò Pòtoprens la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, nan mitan, ak Kolonèl, Irving Mehu, direktè jeneral Otorite Aewopotyè Nasyonal la, Autorité Aeroportuaire Nationale (AAN).

Prezidan Jovenel Moise realize yon vizit enspeksyon samedi pase a nan Aewopo Entènasyonal Toussaint Louverture ki an plen renovasyon. Pandan vizit sa, chèf deta Ayiti a te akonpanye ak Minis travo piblik la, Enjenyè Fritz Caillot, direkte jeneral Otorite Aewopotyè Nasyonal la, Autorité Aeroportuaire Nationale (AAN), Kolonèl Irving Mehu.

Prezidan Jovenel Moise konstate eta avansman travay ki an kou yo nan tout konpatiman tèminal aewopò a. Premye mandatè nasyon an te pwofite okazyon an pou dyaloge ak anplwaye aewopò epi felisite yo pou sans responsabilite yo. Lokatè Palè Nasyonal la nan yon deklarasyon non anrejistre di li satisfè de jan travay reparasyon yo ap avanse a. Minis travo piblik transpo ak kominikasyon an bò kote pal felisite Direkte jeneral AAN nan ki selon li menm ap fe yon bon travay andedan aewopò a . enjenyè Fritz Caillot pwomet nan yon titan kipa two lwen, finalizasyon travay sa yo kite inisye sou direksyon Ansyen Kolonèl Irving Mehu.

Direkte jeneral otorite aewopotyè Nasyonal la bò kote pal deklare li gen vizyon pou modènize enstitisyon lap dirije a, yon vizyon ki kadre ak pa chèf deta ayisyen an ki bay lòd pou chanje imaj pigwo pòt antre peyi Dayiti a.

Gen plizyè pwoje ki pral ekzekite tre prochènman selon ansyen Kolonèl FADH la, Irving Mehu. Pami yo, batiman ki loje kò sapè pompye nan Aewopo Entenasyonal Toussaint Louverture a, ak renovasyon salon diplomatik la elatriye ak rekonstriksyon avyasyon sivil vil Jeremi an e latrye.

Korespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens, Yves Manuel se otè orijinal tèks sa a.

Your browser doesn’t support HTML5

Vizit Denspeksyon Prezidan Jovenel Moise nan Aewopò Toussaint Louverture a

Klike sou videyo a pou w suiv repòtaj Yves Manuel la sou vizit Prezidan Jovenel Moise nan Aewopò Entènasyonal Toussaint Louveture a.