Ayiti: Ane Jidisyè Louvri Ofisyèlman nan Peyi a

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Your browser doesn’t support HTML5

Ouvèti Ane Jidisyè a ann Ayiti

An prezans Prezidan peyi a ,Jovenel Moise, ak premye minis Jack Guy Lafontant , otorite lajistis yo, ouvè ane jidisyè a lendi 2 Oktòb 2017 la. Nan okazyon an, prezidan Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ), Mèt Jules Cantave, prezante bilan travay majistra yo pou ane pase a.

Bò kote pal, Minis jistis la, Heidi Fortuné, anonse divès dispozisyon leta santral la pran pou akonpaye fonksyonè yo nan sistèm jistis la. Plis detay nan videyo ak repòtè Lavwadlamerik nan Pòtoprens, Florence Lisené.