Fowòm Depatmantal Eta Jenewo Nasyonal la Ki te Planifye nan Jakmèl Avòte

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Lokal kote Fowòm Depatmantal Eta Jenewo Nasyon la tap dewoule nan Jakmèl.

Fowòm depatmantal eta jenewo nasyon la te kòmanse dewouke nan Jakmel pandan wikenn pase a a prezans anviwon 300 patisipan ki te vin réfléchi sou plizyè pwen enpotan pou devlopman depatman an.

Pandan patisipan yo tap travay ann atelye, aktivite yo pat pran tan pou kraze lè yon mouvman pwotestasyon te deklanche ant kazèk sidès yo ki fè konnen yap denonse gouvènment ayisyen an ki ap gaspiye lajan peyi à nan fè pwoje bidon andan population an ap kroupi nan mize kasek.

Yo denonse tou ministère interye ki pa konn ekzistans yo kòm antite nan leta a.
Majistra sidès la Macky Kessa swete òganizatè yo repanse aktivite sa ki gen anpil enpotans pou sidès la.

Your browser doesn’t support HTML5

Yon Repòtaj Eveline Adonis depi Jakmèl