Ayiti-Jakmèl: Yon Jèn Gason Mouri Asasine; Otorite Sidès yo Lage Koukouwouj Dèyè Gwoup Kap Simen Latwoublay yo

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Frantzi Gabriel Leroy, yon jèn gason 19 van mouri anba kout kouto lòt jèn parèy li nan Jakmèl Ayiti, nan sak ta vle fè kwè you aktivite gang ak gang, 9 oktïb 2017.

Konsey Sekirite Sidès la ki gen ladan Delege Sidès la, Pierre Michel Lafontant Komisè Gouvenman Jakmèl la, Françoise Morailles ak Direkte depatmantal polis la, Mones Auguste ak Magistra a, Macky Lessa fè you rankont brit sou kou mekredi 11 oktob la pou evalye sitiyasyon sekirite vil la épi pran desizyon pou demantle tout base kap fonksyone.

Desizyon sa vini après asasina you jen gason Frantzi Gabriel Leroy ki gen 19 lane sou tèt li ki ta mouri ak plizyè kout kouto lendi 9 oktob la nan aswè.nan kafou deyè simityè Jakmel sou wout Lasalin nan.

Viktim nan mouri apre l ta souflete you jen gason ki tap mande l pou fè lapè ak kèk lòt jèn parèy li nan baz rival. Delege Sidès la fè konnen otorite yo pase enstriksyon fomèl pou entèpele tout jèn manm baz yo pou jwenn moun ki komèt krim nan ak nan ki sikonstans yo asasine viktim nan.

Delege Sidès la nan bilan l tap prezante sou operasyon li mennen pandan 2 mwa di yo arète 5 prezime bandi e anonse yap rapouswiv operasyon sa yo nan lide pou demantle tout baz yo kap mennen konpetisyon pou detwi vil la.

Your browser doesn’t support HTML5

Yon repòtaj Eveline Adonis depi Jakmèl sou rapò Konsèy Sekirite Sidès la