Dwa Zimen Se youn nan Pwoblèm Ayiti Ap Konfwonte Dapre Mèt Renan Hedouville

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Yon danm kap kriye devan yon prizon paske yo arete pitit gason li paske li tap mache san kat didantite apre 174 prizonye te sove nan lannuit avan an kote yo te tiye yon gadyen prizon an nan Akayè, Ayiti, 23 oktob 2016. (Foto: REUTERS/Jeanty Junior)

Responsab Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) mèt Renan Hedouville, rekonèt sistèm penitansye ayisyen an chaje ak pwoblèm soti nan prizon yo ki twò chaje pou rive kondisyon sanitè an dedan prizon yo.

Mèt Hedouville idantifye 2 gwo pwoblèm prizon yo ap konfwonte: "Jij ki deplase san yo pa transfere dosye a bay yon lòt jij san bliye resous otorite konsène yo pa bay pou pèmèt yo fè travay yo. Mèt Hedouville, ki tap reponn kesyon Jean Robert Philippe, fè konnen respè dwazimen se youn pami pwoblèm peyi a ap konfwonte.

Klike soulen odyo a ki anba tèks la pou tande deklarasyon responsab OPC a Mèt Renan Hedouville.

Your browser doesn’t support HTML5

Deklarasyon Mèt Renan Hedouville sou Sistè Penitansyè a ann Ayiti