Seleksyon Foutbòl Feminen Ayisyen an Kalifye pou Faz Final Koup Di Mond U-20 2018 la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Seleksyon foutbòl feminen ayisyen an. (Foto sou paj Facebook FHF a, Féderation Haitienne de Football la)

Seleksyon feminen ayisyen an siprann Kanada 1 a 0 pou l kalifye pou faz final koupdimond Frans 2018 la. Meksik kale Etazini 4 a 2 sou tir de penalite pou l ranpòte tit KONKAKAF la. apre tan reglemantè a te fini 1 a 1.

Ayiti ak Meksik, kap patisipe pou la premyè fwa nan koupdimond foutbòl feminen U-20 an plis Etazini ap reprezante KONKONKAF la nan konpetisyon an.

Kanadyen Jordyn Huitema ranpòte soulye dò a gras ak 5 gòl li make pandan konpetisyon an ki dewoule nan Trinidad and Tobago. Meksik ranpòte twofe Fair Play a. Defansè Meksiken Miriam Garcia ranpòte balon dò a pou pèfòmans li.

Sa fè 3èm fwa Ayiti ap patisipe nan faz final yon koupdimond: 1974 a Munich, 2007 an Kore di Sid epi 2018 an Frans.