Ayiti: Yon Gwoup Militè Demobilize Mande Entegrasyon yo nan Nouvo Lame a

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Militè demobilize nan Plato Santral yo kap mande entegrasyon yo nan nouvo lame a, Foto: Josué Joseph, Hench, Ayiti, 20 mas 2018.

Yon gwoup milite demobilize ame ak gwo zam nan men yo, e ki gen alatèt yo ansyen pòt pawòl yo nan Plato Santral Joseph Jean Baptiste, menase pou kanpe anfas administrasyon Moïse/Lafontant an, si tout fwa dapre sa yo di, gouvènman an pata fè apèl ak yo, rapid pou vin entegre nouvèl fòs zame a.

Kòmande militè demobilize a, Joseph Jean Baptiste, di li deja idantifye tout militè ki gen kapasite pou entegre nouvo lame a. Mesye Jean Baptiste di lap pwofite okazyon an pou mande gouvènman an peye yo tout lajan leta dwe yo depi lè lame a te demobilize nan ane 94 yo rive jiska jounen jodi a.

Klike sou lyen odyo a ki anba tèks la pou w tande deklarasyon kòmandan militè demobilize yo, Joseph Jean Baptiste, nan mikwo Josué Joseph depi Hench.

Your browser doesn’t support HTML5

Deklarasyon Joseph Jean Baptiste, kòmandan militè demobilize yo nan Hench.