Gwoup Lima a Rekonèt Juan Guaido kòm Prezidan Peyi Venezuela

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Minis afè etranjè Brezil la, Ernesto Araujo (nan mitan), ki t ap asiste yon rankont Gwoup Lima a konsènan Venezuela nan Lima, o Pewou, nan dat 4 janvye 2019 la.

Pou sa ki konsène desizyon prezidan asanble nasyonal konstitisyonèl Venezuela a pran, nan mitan jounen mèkredi 23 janvye 2019 la, pou l asime prezidans peyi sid-ameriken an, Gwoup Lima a pibliye yon deklarasyon nou tradui pi ba:

DEKLARASYON GWOUP LIMA A

Gouvènman peyi sa yo: Ajantin, Brezil, Kanada, Chili, Kolonbi, Kosta Rika, Gwatemala, Ondiras, Panama, Paragwe ak Pewou ap fè anons sa a:

1.- Nou rekonèt e nou deklare apui total nou pou Prezidan Asanble Nasyonal la Juan Guaido ki asime, nan dat jodi a, Prezidans Repiblik Bolivaryèn Venezuela a an akò avèk prensip konstitisyonèl yo e devan ilejitimite rejim Nicolàs Maduro a.

2.- Nou apiye lansman yon pwosesis tranzisyon demokratik nan Venezuela jan Konstitisyon peyi a prevwa l la, avèk objektif pou reyalize nouvo eleksyon nan yon brèf delè avèk patisipasyon tout aktè politik yo e avèk tout garanti ak respè pou prensip entènasyonal ki nesesè pou dewoulman yon pwosesis demokratik.

3.- Nou kondane zak vyolans ki dewoule nan Venezuela yo e nou ensiste sou demand pou Eta de Dedwa, respè pou dwa fondamantal tout moun ak lapè sosyal jwenn garanti pandan menm ke pwosesis tranzisyon gouvènman an ap avanse.

4.- Nou ratifye desizyon gwoup la pran pou l kontinye apiye yon fanson dyanm restorasyon demokrasi nan Venezuela.

Mèkredi 23 janvye 2019.