Gwatemala: Yon Tribinal Bloke Dekrè Prezidansyèl ki Mande Anketè Anti-Koripsyon l ONU an Kite Peyi a

Yon nonm ki kenbe nan men li pankat ki gen foto prezidan peyi a, Jimmy Morales, pandan yon rasanbleman pou pote sipòte komisyon anti-koripsyon Nasyon Zini an kap mennen envestigasyon sou finansman kanpay prezidansyèl Mesye Morales la.

Yon tribinal nan Gwatemala bloke yon lòd prezidan peyi amerik Santral sa a, Jimmy Morales, te pase pou li ekspilse direktè yon komisyon anti-koripsyon Nasyon Zini kap mennen envestigasyon sou finansman kanpay prezidansyèl Mesye Morales la.

Tribinal Konstitisyonèl la mande pou gouvènman an pa egzekite dekrè prezidan an pran pou l mete deyò direktè komisyon an, Ivan Velasquez, ki se yon sitwayen kolonbyen. Reprezantan Nasyon Zini an tap eseye mennen ankèt sou swadizan pèman ilegal ki gen rapò ak pati politik prezidan an, Fwon Konvèjens Nasyonal la.

Nan yon videyo ki parèt sou entenèt, dimanch 27 out 2017 pase a, Mesye Morales di Ivan Velasquez dwe kite peyi a nan enterè pèp Gwatemala a, pou ranfòse eta de dwa nan peyi a e ak pou byennèt enstitisyon gwatemaltèk yo.”