Juan Guaidò, lidè opozisyon Venezuela a, anonse retou li pou Lendi 4 mas la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Juan Guaidò, lidè opozisyon an nan Venezuela.

Juan Guaidò, lidè opozisyon an nan Venezuela.

Lidè opozisyon an nan Venezuela, Juan Guaidò, lanse apèl bay pèp la pou mande l pran beton an lendi 4 mas 2019 la pou yon gwo mouvman manifestasyon ki pou fèt nan menm moman l ap antre nan peyi a aprè li fin fe yon tounen nan peyi alye li yo nn Amerik Latin nan.

Misye Guaidò ekri sou kont Twitter li:

“M ap anonse retou mwen nan peyi a. Mwen lanse apèl bay tout sitwayen venezuelyen pou yo mobilize atravè tout peyi a lendi 4 mas la apati de 11 zè di maten.”

Nan jounen dimanch la, lidè opozisyon an te kite peyi Ekwatè -pi presizeman vil Salinas, sou kòt pasifik la- abò yon avyon militè aprè li te fin rankontre ak lidè ekwatoryen an, Lenin Moreno. Plan vwayaj li pa piblik; sepandan yon pòtpawòl fè konnen Misye Guaidò ap rive Karakas atan pou sezon kanaval la k ap komanse nan peyi a lendi 4 mas la.

Juan Guado pale pèsonèlman pou l di li prevwa yo pral arete li lè li debake nan Venezuela.