Grann Bretay-Politik: Oganizasyon yon Vòt Non-Konfyans Kont Gouvènman P.M. Thereza May

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Premye Minis britanik la, Theresa May, ki t ap pale ak laprès nan vil Lond aprè reprezantan Pati Konsèvatè a te anonse yon vòt non-konfyans sou gouvènman li a (Foto:REUTERS/Peter Nicholls,12 des. 2018).

Nan La Grann Bratay, reprezantan Pati Konsèvatè a nan palman an ap fè yon rankont ak tout pòt fèmen kote y ap bay opinyon yo nan yon vòt non-konfyans sou gouvènman Premye Minis Thereza May a. Se dènye eleman nan konsekans fason l ap jere pwosesis retrè peyi a nan Inyon Ewòp la.

Si yon majorite manm Pati Konsèvatè a vote kont fason chèf gouvènman an mennen bak li, li pral oblije bay demisyon l. Sepandan, si li rive siviv vòt non-konfyans sa a, pati enterese yo pral oblije rete tann 12 mwa (kidonk, yon lane) anvan pou yo ka mande yon lòt vòt non-konfyans.

Premye Minis la fè sèman l al lage tout fòs li nan batay la pou l ranpòte laviktwa nan palman an. Ak pwòp bouch li, li fè konnen:

<<M pare pou m batay ak tout sa m gen nan kò m kòm fòs ak kouraj, paske si nou chanje lidèchip kounyela a, sa pral nui pwosesis retrè nou nan Inyon Ewòp la... Nenpòt chanjman ki ta fèt nan lidèchip pati konsèvatè a, se yon risk ki ka menase sekirite peyi nou an, menm jan sa ka kreye ensètitid alòske nou pa an mezi pou n fè fas ak yon sitiyasyon konsa. Yon nouvo Premye Minis pa p gen chans monte sou pouvwa nan La Grann Bretayn anvan 21 janvye --ki se dènye dèle legal nou genyen pou n jwenn yon solisyon final pou kesyon an … Kidonk, yon eleksyon pou jwenn yon nouvo lidè pou Pati Konsèvatè a pral ofri posiblite pou nou lage negosyasyon sou separasyon nou ak Inyon an nan men palmantè opozisyon an."

Premye Minis britanik la Theresa May, pale konsa nan yon diskou li fè devan palmantè konsèvatè yo sou dosye sòti La Grann Britayn nan Inyon Ewòp la anvan MP yo te kòmanse vòt non-konfyans la. Byen lontan anvan sa tou, chèf gouvènman an te di li pral remèt demisyon li anvan eleksyon antisipe ki fikse pou ane 2 mil 22 yo; daprè kèk obsèvatè, anons sa a kapab ede l jwenn apui manm palman an ki te endesi anvan yo patisipe nan vòt non-konfyans la.

Se yon manm lidèchip Pati Konsèvatè a, Graham Brady, ki te anonse vòt la nan jounen mèkredi a avèk yon kominike kote l te di mosyon an jwenn apwobasyon yon quorum 15 pousan (kantite palmantè ki nesesè a) e yo pral pibliye rezilta vòt la pi vit posib.