Minis Enteryè britanik la, Amber Rudd, reyini manm Komisyon Aksyon Dijans Leta a, ki rele Komisyon Kobra, pou yo kapab gen enfòmasyon tou nèf sou yon maladi misterye ki touye yon ansyen ajan doub Larisi. Lapolis kontre-teworis britanik pran tèt yon ankèt sou afè sa a.
Yon laboratwa militè britanik kap fè rechèch, ap travay pou konnen ki wòl pwodui chimik la te jwe nan asasina ansyen ajan sekrè a ki te rele Sergei Skripal. Dimanch pase a, yo te jwenn Misye Skripal ak yon pitit fi li, Yilia, san vi nan yon kay li te posede nan pati sid Langletè.
Sergei Skripal sete yon ansyen ajan sekrè Larisi e li te gen grad kolonèl nan lame ris la. Li te konfese li te bay sèvis sekrè britanik enfòmasyon sekrè sou aktivite espyon ris t ap mennen sou kontinan ewopeyen an; pou sa li te resevwa $100.000,00 (san mil dola).