Frans: Kandida pou Pòs Prezidan François Fillon Di li Pap Kanpe sou Kanpay li Malgre Eskandal sou Zafè Lajan li te Konn Peye Madanm li an

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Kandida pati Konsèvativ Fransè a, François Fillon, pandan li tap pale nan yon konferans pou laprès nan katye jeneral pati a nan Paris, Frans, lendi 6 fevriye 2017.

An Frans, kandida alaprezidans François Fillon fè konnen li pwal kontinye mennen kanpay li, malgre kritik ki parèt nan laprès kòmkwa li te peye madanm li yon salè ke l pa ka jistifye pandan 15 lane, nan epòk li te manm palman an.

Pandan Msye Fillon fè konnen madanm li te touche onètman pou travay ke l te fè, li sèlman prezante eskiz pou « erè » nan jijman li daprezavwa li te anplwaye fanmi li. Men li deklare ke salè madanm li an te gen jistifikasyon san fot kòm yon dam ki gen fòmasyon nan lalwa.

Popilarite Msye Fillon desann byen ba pandan 2 semèn ki pase yo depi jounal « Le Canard Enchainé » te pibliye yon atik ki pale de salè Madan Fillon.

Premye tou eleksyon prezidansyèl la ap dewoule an Frans nan mwa Avril k ap vini an.