Florid: 55 Moun Teste Pozitif pou Kowonaviris Abò yon Bato Kwazyè

Puerto Rico Cruise Ship Passenger

55 moun teste pozitif pou COVID-19 abò yon bato kwazyè Royal Caribbean International ki te kite eta Florid la nan Samdi.

Nan yon deklarasyon Royal Caribbean pibliye, li te di 95% nan moun ki abò yo te pran vaksen kont kowonaviris la, e pami moun ki enfekte gen ladan yo pasaje ak ekipaj.

Zile nan Karayib yo tankou Curacao ak Aruba, pat pèmèt bato a jete lank sou teritwa yo. Bato a ap rete sou lanmè jiskaske li retounen nan Fort Lauderdale, Florid 26 desanm.

Dapre USA Today "Odyssey of the Seas" gen 3,587 pasaje abò ak 1,599 manm ekipaj.

Dapre sa konpayi a di laprès, tout 55 moun ki enfekte yo pran vaksen kont kowonaviris la, e plizyè nan yo san sentòm.

Sa a se dezyèm epidemi kowonaviris yo idantifye sou yon bato Royal Caribbean nan mwens pase yon semèn.