Yon Gwo Seremoni pou Salye Fen Misyon Konseye Afè Politik Anbasad Etazini an ann Ayiti, Diplomat Ameriken Indran Amirthanayagam

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Your browser doesn’t support HTML5

Konseye Afè Politik Anbasad Etazini an ann Ayiti a, Indran Amirthanayagam.

Konseye Afè Piblik nan Anbasad Amerikèn Pòtoprens, Diplomat Indran Amirthanayagam, rive nan fen misyon li ann Ayiti. Nan okazyon an, yo òganize yon gwo sware kiltirèl nan FOKAL, mèkredi 28 jen 2017 la, pou salye depa diplomat la.

Korespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens, Yves Manuel, te pale avèk Diplomat Amirthanayagam ki pat kache santiman dapresyasyon li pou pèp ayisyen an ak kilti peyi a ki dapre li raple l peryòd li te kon ap jwe mizik limen.

Diplomat la te trè koni nan milye kiltirèl aysiyen an kote li te toujou konn patisipe nan plizyè aktivite pou ekriven, mizisyen e latriye.

Nan mwa avril 2017 pase a, Diplomat Amirthanayagam te akonpaye yon gwoup jounalis kiltirèl ayisyen ki te vinn patisipe nan yon semèn fòmasyon Sèvis Kreyòl la Lavwadlamerik te òganize e ke Anbasad Etazini an ann Ayiti finanse.

Klike sou videyo a ki anlè tèks la pou w suiv entèvyou Diplomat Amirthanayagam te bay Yves Manuel nan okazyon an.