Ansyen Premye Minis Evans Paul Retounen nan Komite Pilotaj Prezidan Moïse la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Ansyen Premye Minis ayisyen, Evans Paul. Foto achiv

Ansyen Premye Minis Evans Paul retounen sou desizyon li te pran pou l wete kòl nan Komite Pilotaj Gouvènman Moïse/Lafontant an kreye a pou òganize yon Eta Jenero Sektoryèl ki li menm gen pou misyon ede idantifye ak pwopoze solisyon pou pwoblèm peyi a.

Nouvèl ki tap sikile nan medya yo an Ayiti pandan wikenn nan te fè konnen, Ansyen Premye Minis Ayisyen Evans Paul demisyone kòm manm Komite Pilotaj Gouvènman an e sa ta pral lise 4èm manm ki demisyone depi enstalasyon manm komite sila a.