Eske Lanmò Fidel Castro se yon Viraj pou Dwa Moun?

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Moun kap depoze bouji bò kote foto Fidel Castro, apre anons lanmò lidè revolisyonè kiben a, nan Tegucigalpa, Ondiras. 26 novanm, 2016.

6 dizèn lane apre li fin deklare ke listwa ap ba-li absolisyon, lavi Fidel Castro ak eritaj twouble li nan afè dwa moun, se bagay moun ka konsidere.

Kiben-Ameriken pran lari Little Havana, Ti La Avàn, samdi 26 Novanm nan kote yo deklare ke yon nèg ki mouri, se kapab lespwa ki koumanse pou anpil lòt ki te soufri anba rejim li.

“Yon move diktatè ki te kenbe Kiba anba opresyon pandan preske 6 dizèn lane, li pa la ankò, e sa pwal bay yon opòtinite pou pèp kiben-an koumanse fè wout pou rive nan libète ak demokrasi,” se sa Kiben-Ameriken Jose Sanchez te di LaVwadlamerik pandan li t ap selebre ak plizyè santèn Kiben-Ameriken nan Miami.

Sou rejim Castro a, 3 jenerasyon Kiben te manke preske tout libète sivil ak politik de baz yo, tankou libète ekspresyon, libète reyinyon ak asosyasyon. Se tout tan gouvènman kominis la mete anba kòd jounalis ak moun ki kont li pandan li anpeche òganizasyon endepandan kap swiv sityasyon dwa moun antre nan peyi a.

“Se yon nèg ke anpil moun pa manke admire tout lòt kote nan rejyon-an daprezavwa li te kanpe tèt devan Etazini,” dapre Edouardo Gamarra, pwofesè politik ak relasyon entènasyonal nan Inivèsite Entènasyonal Florid. Li kontinye pou l di, “Men an menm tan, li enpòtan pou moun sonje tou ke li te nan tèt yon rejim tirani, yon rejim ki te responsab lanmò, devan ploton ekzekisyon, plizyè santèn moun e yon nèg ki te mete moun nan prizon pou opinyon politik yo.”

Drapo Ameriken ak drapo Kiben sou mi yon galri nan Lahavàn, Kiba, 2 novanm, 2015.

Relasyon Etazini-Cuba

Menm retablisman relasyon ak Etazini, depi an Desanm 2014, pa te lache limitasyon sou libète yo.

Dapre yon rapò Human Rights Watch an 2016, aksè sou entènèt nan Kiba te rete anba gwo limitasyon malgre ouvèti 35 pwen Wi-Fi nan tout peyi a, e gouvènman an te kontinye kontwole preske tout medya yo. Kantite moun ki te kont li te rete san chanje, ant 8 mil e 9 mil prizonye chak ane.

Kounye-a se Raul Castro, ki pezape te pran kontwòl nasyon kominis-la an 2006, se li ki gen pou deside si lanmò frè li a make finisman yon epòk.

“Senbòl la mouri,” se pawòl Guadalupe Correa Cabrera, pwofesè afè piblik ak etid sou sekirite nan Inivèsite Texas nan Vale Rio Grande, sou lanmò Fidel Castro.

Cabrera deklare kontwòl Raul Castro sou peyi a deja louvri pòt pou nòmalize relasyon ak Etazini, e ak lanmò Fidel Castro ki make finisman yon epòk, plis opòtinite ka parèt ankò.

Cabrera di:

“Li bezwen chanje jan li abòde sityasyon an e pèmèt gen plis ouvèti.”

Berta Soler, se lidè yon gwoup fanm ki nan opozisyon an nan Kiba, yo arete l poutèt yon pwotetasyon kont gouvènman an, nan Lahavàn, 13 septanm, 2015.

Dwa Moun

Kè sote sou kesyon dwa moun toujou rete kòm platfòm relasyon ant Etazini ak Kiba, e jwe yon wòl anpil fwa ekstrèmman enpòtan nan politik prezidan ameriken yo. Pandan kèk èd tan apre lanmò Castro, plizyè palmantè ameriken te antre sou Twitter pou yo fè sonje eritaj Castro e eksprime espwa ke lanmò li ap ouvè yon nouvo chapit pou peyi a.

“Pandan kèk moun ka vle bay yon deskripsyon byen woz pou sistèm kominis la ak talan diktatè sa a kòm dirijan peyi a, kèlkeswa bilan rejim li ki pa pale de zak atwosite li ak abi li kont dwa moun, de pèsekisyon ekonomik li ak sipò li pou aktivite teworis aletranje, bilan sa a pa rann jistis pou sivivan ak viktim eritaj li a,” pou repete Depite Etazini pou Kawolin di Sid Jeff Duncan , alatèt sou komisyon afè etranjè pou Emisfè Wès la, nan yon deklarasyon ki parèt samdi 26 Novanm nan.

Menm lè lidè a ki te gen anpil laj sou tèt li te disparèt devan je piblik la, souvni rejim li an te rete vivan nan lespri tout jenerasyon ke l te make se yon pwa psikolojik ki te ka gen konsekans reyèl pandan nasyon-an ap vanse.

“Nou te konnen ke toutotan diktatè a ki te fonde revolisyon kiben-an te vivan e rete nan Kiba, chanjman tap difisil pou fèt. Men kounye a, sa reprezante yon opòtinite - espesyalman pou militan k-ap goumen pou libète nan Kiba, lidè opozisyon ki tap riske lavi yo, sekirite yo, byennèt yo, pandan plizyè lane, pou yo lite pou peyi a ka vin miyò. Kounye a yo pwal gen plis fòs,” se sa Depite Etazini pou eta Florid Carlos Curbelo di LaVwadlamerik.

Men chanjman apre lanmò Fidel Castro ka vini ak yon gwo pri pou peye, fas ak gouvènman kominis la ki toujou la.

“Prensipal objektif rejim Kiben an jounen jodi a se kenbe pouvwa a toutotan li kapab, e pandan moun ki kont li toujou gen opòtinite pou yo kreye jan de rebelyon ki ka souke yon gouvènman kiben, rejim nan pwal kontinye fè represyon,” se pawòl Brian Fonseca, Direktè Enstiti Politik Piblik nan Inivèsite Entènasyonal Florid.

Yon jèn fi kap mache tou pre yon mi ki gen yon grafiti ki li "Libète" nan Lahavàn, 21 fevriye 2016.

Fisire sistèm nan

“Si gen fisi sosyal ki koumanse parèt nan jan pèp kiben an eksprime emosyon li, e si sa rive, puiske kenbe pouvwa a se sa ki pi enpòtan pou elit politik la nan Kiba, alòs mwen panse nou ka wè represyon politik ap ogmante, omwen pandan yon bout tan,” se pawòl Fonseca.

Ann tounen nan lari Ti La Avàn nan Miami, kote anpil moun reyalize ke finisman epòk Castro a, anpil jan yo ka gade l, se yon senp koumansman.

“Nou onore tout gran-paran nou ak tout jenerasyon ki pat isit la pou viv evènman sa a jounen jodi a, men nou isit la pou yo, e nou espere se koumansman libète a pou Kiba,” se pawòl Lissette Calderon, yon dam Kiben-Ameriken ki pa janm mete pye sou zile a men ki te mennen pitit li yo nan manifestasyon an pou yo ka temwen moman istorik la.