Etazini-Eleksyon: Sitwayen Ameriken yo Deplase an Gran Nonb pou Al Vote yon Nouvo Prezidan

Anpil elektè pran direksyon biwo vòt toupatou nan peyi a jodi madi 8 novanm 2016 a pou eli yon nouvo prezidan, apre yon dènye etap kanpay long, chaje ak diskisyon ant Demokrat Hillary Clinton ak Repibliken Donald Trump.

Kandida Demokrat pou prezidan Hillary Clinton, ak mari li fòme Prezidan Bill Clinton ap salye sipòtè apre yo te fin vote nan Chappaqua, N.Y. 8 Nov. 2016.

Madam Clinton, yon ansyen sekrètè deta kap chache tounen premye fanm prezidan Etazini, lage bilten pou tèt li nan yon biwo vòt toupre kay li nan banlye nan eta Nouyòk.

Melania Trump, agoch, ak mari li kandida Repibliken pou prezidan Donald Trump nan moman yo te fin vote nan New York. 8 Nov. 2016,

Misye Trump, yon gwo òm dafè nan biznis kay e ki pa janm mete dlo nan bouch li pou l pale, ap mennen kandidati premye fwa pou yon pòs elektif. Donald Trump vote pita toupre gratsyèl kote li abite a toupre vil Nouyòk. Misye Trump di elektè yo, “Tout bagay ap mache byen."

Kandida ki pote laviktwa nan kous la pral tounen 45èm prezidan eli Lèzetazini. Nouvo prezidan an ap ranplase Prezidan Barack Obama, ki se yon sipòtè wouj Madan Clinton. Misye Obama ap kite Mezon Planch lan nan dat 20 Janvye 2017.