Etazini Vle Wè Moun ki 'Planifye, Finanse ak Komèt Asasina Prezidan Moise' Konparèt Devan Lajistis

Foto Achiv: Katye Jeneral Depatman D'Eta Ameriken an nan Washington.

Yon pòt pawòl Depatman d'Eta deklare "Etazini apiye yon bon jan ankèt endepandan sou asasina Prezidan Jovenel Moise la ki ann akò ak lwa peyi d'Ayiti ak standa eta de dwa entènasyonal yo."

Pòt pawòl la fè deklarasyon sa a pa rapò ak kestyon VOA Kreyòl te mande sou reyaksyon administrasyon Biden nan fas ak atik ki parèt nan jounal New York Times lendi apremidi, ki di kom kwa gen nouvo enfòmasyon ki endike Premye Minis Ariel Henry te gen relasyon sere ak youn nan sispèk nan asasina a, an palan de Joseph Felix Badio, e ke misye te vizite rezidans ofisyèl premye minis la 2 fwa, 4 mwa apre asasina a, nan moman te gen yon avi rechèch pou li.

SEE ALSO: New York Times: Badio Vizite Rezidans Ofisyèl PM Ariel Henry 2 Fwa


"Nou vle wè moun ki te planifye, finanse, epi touye Prezidan Moise konparèt devan lajistis. Pèp Ayisyen an merite yon pwosesis ki transparan ak yon rezolisyon nan ankèt sa a pou montre koupab yo ke krim lach konsa paka chape anbe men lajistis."

Pot pawòl la ajoute "Nou ankouraje tout pati yo respekte pwosesis (legal la) ann akò ak la lwa."

Korespondan VOA nan Depatman d'Eta, Nike Ching kontribye a repotaj sa a