Etazini Renouvle Patenarya li ak Ayiti nan Okazyon Selebrasyon 215 Zan Endepandans Peyi a

Drapo Ayiti ak Etazini nan boutik nan Brookyn, New York. Foto: REUTERS/Eduardo Munoz. 13 me 2017.

Anbasad Etazini ann Ayiti adrese felisitasyon l ak tout pèp ayisyen an nan okazyon selebrasyon anivèsè 215 zan depi peyi a te pran endepandans li nan dat premye janvye 1804.

Vrèman vre, revolisyon ayisyèn nan chanje pakou listwa nan emisfè oksidantal la e sa li te gen yon enpak enpòtan sou Etazini. Nan mitan yon batay long pou libète ann Ayiti, sòlda aysiyen yo te rekrite, te soti nan pò Sen Mak an 1779 pou te al batay nan ran sòlda ameriken yo; si n sonje, Batay Savannah a, youn nan batay Etazini te mennen pou pwòp endepandans pa l.

Kò diplomatik la te prezan nan Gonayiv madi premye janvye 2019 nan okazyon selebrasyon 215 zan endepandans peyi a. Lèzetazini patikilyèman pwofite okazyon an pou l renouvle kowoperasyon l ak Ayiti yon fason pou kontinye asire yon avni sekiritè e pwospè nan peyi a. An menm tou, li ankouraje tout ayisyen pou yo ini yo pou peyi a kapab pran wout pwogrè de fason pasifik.

Nan Gonayiv, selebran prensipal mès tedeyòm nan, nan Cathédrale du Souvenir la, evèk dyosès Monseyè Yves Marie Péan preche sou linite ant tout ayisyen ki dapre li ap pèmèt peyi a rete sou wout pwogrè.

2019 se yon ane desiziv pou nasyon an atravè yon daylòg konstritif pou nou rive leve plizyè defi pou n site yon pati nan diskou Prezidan Repiblik la Jovenel Moise nan okazyon 215 zan endepandans peyi a.

Majistra Gonayiv la, Neil Latortue, bò kote pa l remèsye Chèf leta a, Jovenel Moïse pou èd li bay meri a nan kad reyalizasyon plizyè pwojè pandan lane 2018 la.

Ayisyen tou patou nan lemond sebere dat endenadans la, premye janvye, ak yon tradisyon soup joumou. Nan pòtoprens, yon gwoup sitwayen ki rele tèt yo Petro challengers, te kwit soup joumou tradisyonal pa yo a devan Kou Siperyè dè Kont, kote atravè yon sit-in yo tanmen pou mande lajistis pran yon desizyon kont tout fonksyonè leta ki ta dilapite fon Petro Caribe a, yon lajan peyi Venezuela te prete Ayiti sou fòn sibvasyon pwodui petwolye.